1Paul II Kor 1:1yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo Kol 1:2ki fidèl nan Jésus Kri:
2Wo 1:7Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.
3Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a Ef 1:20nan lye selès an Kris yo.
4Jis jan Ef 2:10Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li,
5li te Wo 8:29chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li.
6Ef 1:12,14Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Mat 3:17Li menm Ki Byeneme a.
7Kol 1:14Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li,
8ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans,
9li te Wo 11:25fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan,
10avèk yon plan pou fè sa dewoule Mc 1:15lè tan an fin akonpli, pou Kol 1:16,20reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm
11nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan Wo 8:28selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache Wo 9:11selon konsèy volonte pa Li,
12afenke nou menm ki te premye espere nan Ef 1:6,14Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.
13Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te Ef 4:30sele nan Li menm avèk Trav 2:33Lespri Sen a pwomès la,
14ki II Kor 1:22bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
15Pou rezon sa a, mwen menm tou I Kor 1:4lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo,
16m Wo 1:8pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè
17ke Jn 20:17Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm.
18M priye pou II Kor 4:6zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo.
19Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, Ef 3:7selon travay de fòs pouvwa Li a.
20Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li Trav 2:24soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo,
21pi wo anpil pase Mat 28:18tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.
22Epi Li te Sòm 8:6mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,
23ki se I Kor 12:27kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.