Galat Yo 5 - Haitian Bible

1 Jn 8:32,36 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

2Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa Trav 15:1sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.

3Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou Wo 2:25kenbe tout Lalwa a.

4Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou Eb 12:15tonbe kite lagras.

5Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap Wo 8:23tann esperans ladwati a.

6Paske nan Kris Jésus I Kor 7:19ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.

7Nou t ap Gal 2:2kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a?

8Enfliyans sa a pa t sòti nan Wo 8:28Sila ki te fè apèl de nou an.

9I Kor 5:6Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve.

10Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap Gal 1:7twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.

11Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou Gal 6:12pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli.

12Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta Det 23:1menm chatre pwòp kò yo.

13Paske nou te rele pou libète, frè m yo. I Kor 8:9Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt.

14Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; Lev 19:18“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”

15Men si nou Gal 5:20mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

16Men mwen di nou Wo 8:4mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.

17Paske Wo 8:5lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, Wo 7:15pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito.

18Men si nou Wo 8:14mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa.

19Alò, zèv lachè yo klè: I Kor 6:9,18Imoralite, salte, sansyalite

20idolatri, fè maji, fè lènmi II Kor 12:20konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon

21lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap I Kor 6:9eritye wayòm Syèl la.

22Men Mat 7:16fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite

23jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

24Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan Wo 6:6krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

25Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache Gal 5:16pa Lespri a.

26Pa kite nou Fil 2:3vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help