Amos 5 - Haitian Bible

1Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:

2Li fin tonbe, li p ap leve ankò—

6

14Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

pou nou ka viv;

epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

jis jan nou te pale a!

15Rayi mal e renmen sa ki bon,

e etabli jistis nan pòtay la!

Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo

ka fè gras a retay Joseph la.”

16Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :

“Va gen gwo lamantasyon tout kote

e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’

Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,

yo va peye moun pou l fè lamantasyon.

17Epi nan És 16:10 tout chan rezen yo, va gen gwo kri,

paske Mwen va pase nan mitan nou”,

di SENYÈ a.

18Elas pou nou menm ki anvi wè És 5:19jou SENYÈ a!

Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a?

Li va yon jou Jl 2:2 tenèb olye limyè.

19Tankou lè yon nonm Job 20:24kouri kite yon lyon pou l

rakontre yon lous;

oswa pou l rive lakay li,

apiye men l sou mi kay la,

pou yon koulèv vin mòde l.

20Èske jou SENYÈ a p ap yon jou És 13:10 tenèb

olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?

21Mwen rayi, Mwen va És 1:11-16; Lev 26:31refize aksepte fèt nou yo,

ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.

22Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,

Mwen p ap aksepte yo;

ni Mwen p ap menm gade Lev 7:11-15ofrann lapè a

bèt gra nou yo.

23Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

24Men kite jistis koule desann tankou dlo,

e ladwati tankou yon gwo larivyè,

25 Det 32:17 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël?

26Anplis Trav 7:43 nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo.

27“Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help