Amos 6 - Haitian Bible

1Malè a sila ki alèz nan Sion yo,

e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,

8Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,

SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:

“Mwen rayi awogans a Jacob la,

e Mwen deteste sitadèl li yo.

Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”

9Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete

nan yon kay, yo va mouri.

10Alò tonton a youn, oswa I Sam 31:12 mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a Jr 44:26pa dwe nonmen menm.”

11“Paske gade byen, SENYÈ a pral És 55:11 kòmande

II Wa 25:9 pou gwo lakay la vin kraze nèt,

e ti kay la an ti mòso.

12Èske cheval konn kouri sou wòch,

oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?

Konsa, nou te fè I Wa 21:7-13Lajistis vin tounen pwazon

e fwi ladwati vin anmè nèt.

13Nou menm k ap rejwi nan yon Job 8:14,15bagay ki pa anyen,

epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj

nou nou rive pran kòn nan pou nou?’

14Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon

kont nou, O lakay Israël,”

deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;

“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath

pou rive jis nan flèv Araba a.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help