Amos 4 - Haitian Bible

1Tande pawòl sa a, nou menm, vach

3Nou va Jr 52:7sòti atravè brèch miray yo,

nou chak tou dwat devan li a,

e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.

4“Antre nan Béthel pou fè peche;

nan Guilgal pou miltipliye peche yo!

Nonb 28:3 Pote sakrifis nou yo chak maten,

dim nou yo chak twa jou.

5Ofri yon Lev 7:13 ofrann remèsiman,

sitou sa ki gen ledven ladan,

epi pwoklame Lev 22:18-21ofrann bòn volonte yo.

Fè l parèt wo pou moun wè!

Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,

fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.

6“Men Mwen te bay nou anplis, És 3:1dan netwaye

nan tout vil nou yo,

ak mank pen tout kote.

Malgre sa, nou pa t retounen

vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.

7Anplis de sa, Mwen te Det 11:17fè lapli sispann

pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.

Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil

pandan Mwen te refize li nan yon lòt.

Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t

resevwa lapli a te seche.

8Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan

yon lòt pou bwè I Wa 18:5 dlo, men yo pa t satisfè;

malgre sa, nou Jr 3:7pa t retounen vin jwenn Mwen,

deklare SENYÈ a.

9Mwen te Det 28:22 frape nou ak van cho, ak lakanni;

epi Jl 1:4,7cheni te devore jaden ak chan

rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”

deklare SENYÈ a.

10“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou,

tankou sa ki te konn rive an Égypte yo.

Mwen te Jr 11:22 touye jenn mesye nou yo ak nepe,

e te retire cheval nou yo.

E Mwen te fè Jl 2:20movèz odè kan ou

monte antre nan nen nou.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”

deklare SENYÈ a.

11“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt,

jan Jen 19:24,25; So 3:2Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe.

Nou te tankou yon bout bwa byen cho

ki te rache soti nan dife;

malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.

12“Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël!

Paske se sa Mwen va fè ou;

prepare pou És 32:11 rankontre Bondye ou a, O Israël.

13Paske gade byen, Sila ki Job 38:4-7 fòme mòn yo,

ki kreye van an,

e ki Dan 2:28,30deklare a lòm tout refleksyon li yo;

sila ki fè jou leve nan fènwa a,

e ki foule wo plas sou latè yo;

SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help