1A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!
O Sòm 45:13fi a prens lan!
Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.
2Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;
vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
3 Kan 4:5 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,
jimo a yon antilòp.
4Kou ou se yon kou ivwa,
zye ou tankou sous dlo nan Nonb 21:26Hesbon yo
akote pòtay a Bath-Rabbim nan.
Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
5Tèt ou kouwone ou tankou És 35:2Mòn Carmel
e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.
Wa a kaptire pa très ou yo.
6A la ou Kan 1:15-16bèl e a la ou mèvèye,
ak tout bèlte ou yo!
7Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis
e tete ou se grap li yo.
8Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,
mwen va kenbe tij fwi li yo.”
O ke tete ou yo kapab tankou grap
ki pann sou chan rezen nan
e bon odè a Kan 2:5souf ou tankou pòm,
9Epi Kan 5:16bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,
e koule dousman nan lèv a sila
ki tonbe nan dòmi yo.
Jenn Fi a10Mwen pou cheri mwen an
e Sòm 45:11 dezi li se pou mwen.
11Vini, cheri mwen an!
Annou pati ale nan chan yo
e fè lojman nan ti vil yo.
12Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;
annou Kan 6:11gade pou wè si chan rezen an
gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.
Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
13Mandragò yo fin bay bèl odè;
epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,
ni nèf ni ansyen,
ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.