Kantik A Kantik Yo 8 - Haitian Bible

1O ke ou te tankou frè m,

ki te souse nan tete a manman m.

Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;

nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!

2Mwen ta mennen ou e Kan 3:4fè ou antre

lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.

Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti

nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.

3Kite Kan 2:6men goch li rete anba tèt mwen

e men dwat li anbrase m.

4“Kan 2:7Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,

pa fè lanmou a vin leve,

ni ankouraje l jiskaske se plezi li.

Lòt Yo

5Se Kan 3:6ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,

k ap apiye sou cheri li a?”

Jenn Fi an

Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;

se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.

6Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

tankou yon És 49:16so sou bra ou.

Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

lè l pete se tankou dife k ap pete.

Vrèman se flanm SENYÈ a.

7Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

ni rivyè p ap ka inonde l.

Pwov 6:35 Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

sa ta konplètman meprize.

Frè Yo

8Nou gen yon ti sè e li Éz 16:7pa gen tete menm;

kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun

ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?

9Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;

men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad

ak I Wa 6:15gwo planch bwa sèd.

Jenn Fi a

10Mwen te yon miray e Éz 16:7tete mwen te tankou fò yo;

konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.

11Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;

Li te Mat 21:33 bay jerans chan rezen an a gadyen yo.

Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.

12Pwòp chan rezen mwen an se devan m;

mil sik ajan yo se pou ou, Salomon

ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.

Salomon

13O ou menm, ki chita nan jaden yo,

ansanm ak zanmi mwen yo,

kite m tande vwa ou.

Jenn Fi an

14Annou pati, cheri mwen an!

Fè tankou yon antilòp,

oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help