Kantik A Kantik Yo 6 - Haitian Bible

Lòt yo

1 Kan 5:6 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?

Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”

Jenn Fi a

2Cheri mwen an te desann nan jaden li an,

nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,

pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,

pou ranmase flè Kan 2:1lis.

3Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;

sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

Salomon

4Ou bèl, cheri mwen an, tankou I Wa 14:17Thirtsa;

bèl tankou Jérusalem,

mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.

5Vire zye ou! Pa gade m!

Paske zye ou fè m egare.

Kan 4:1 Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.

6 Kan 4:2 Dan ou tankou yon bann mouton

ki fenk monte sot benyen.

Yo tout ki pòtre marasa.

Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.

7 Kan 4:3 De bò figi ou tankou yon tranch grenad

dèyè vwal ou.

8Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,

e Kan 1:3jèn fi menm pa kab konte;

9Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;

li se sèl fi a manman li.

Fi san tach a sila ki te pote li a.

Jen 30:13 Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;

ni rèn ni konkibin yo.

Yo te louwe l pou di:

10Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,

bèl tankou plèn lin nan,

san tach tankou Mat 17:2solèy la,

e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?

11Mwen te desann nan chan bwa nwa yo

pou wè bwa vèt yo nan vale a;

pou wè si chan rezen fin fè boujon,

oswa Kan 4:13grenad yo te fleri.

12Avan mwen te menm konnen,

dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.

Lòt Yo

13Retounen, retounen, O Silamit lan;

Jij 21:21 retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!

Salomon

Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help