Kantik A Kantik Yo 5 - Haitian Bible

Salomon

1Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen,

fi a maryaj mwen an.

Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen.

Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen;

mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen.

Lòt Yo

Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!

Jenn Fi a

2Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye.

Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la:

“Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an,

toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze,

Kan 5:11 très cheve mwen ak imidite nwit lan.

3Mwen te Luc 11:7fin retire rad mwen;

kijan pou m ta remete l ankò a?

Mwen te lave pye mwen;

kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?

4Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la.

Tout Jr 31:20santiman kè m te leve pou li.

5Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an.

Men m te Kan 5:13degoute menm ak lami,

e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.

6Mwen te ouvri a cheri mwen an,

men cheri mwen an te Kan 6:1vire kite pou l ale!

Kè m te sòti lè l te pale a.

Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li.

Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.

7 Kan 3:3 Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen.

Yo te bat mwen.

Yo te blese mwen.

Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.

8“M ap Kan 2:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l;

ke mwen malad ak lanmou.”

Lòt Yo

9“Ki jan cheri ki cheri ou a,

sinon pi bèl pami fanm yo?

Ki jan cheri ki cheri ou a,

pi bon pase lòt,

ke ou ta nomen non l devan nou konsa?”

Jenn Fi a

10Cheri mwen an mèvèye,

yon figi wouj ranpli ak sante,

k ap Sòm 45:2 parèt miyò pami di-mil.

11Tèt li tankou lò, lò san tach;

Kan 5:2 très cheve li tankou grap rezen

e nwa tankou kòbo.

12Zye li tankou toutrèl

akote dlo k ap koule,

ki benyen nan lèt,

ki monte kon bijou akote yon Egz 25:7 basen dlo.

13De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik,

kap poze sou yon kouch zèb santi bon.

Lèv li yo se flè Kan 2:1 lis ki degoute dlo lami.

14Men li se wondèl fèt an lò,

anbeli ak bijou beril.

Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.

15Janm li se pilye fèt an mèb blan,

plase sou yon baz lò san tach;

aparans li tankou Kan 7:4chwa Liban an,

kon pi bèl bwa sèd li.

16Bouch li plen ak dousè.

Li dezirab nèt.

Sa se cheri mwen an,

e sa se zanmi mwen an,

o fi Jérusalem yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help