1Sila yo se Pwov 1:1pwovèb yo a Salomon ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.
2Se glwa Bondye pou kache yon bagay;
men se glwa a Esd 6:1 wa yo pou chache konprann yon bagay.
3Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a,
se konsa kè a wa a ensondab.
4Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
5Retire Pwov 20:8mechan an devan wa a,
e twòn li an va etabli nan ladwati.
6Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a,
e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;
7paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”,
olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan,
ke zye ou te wè.
8Pa fè vit lantre nan tribinal Pwov 17:14pou diskite ka ou;
anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.
9 Mat 18:15 Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou,
e pa devwale sekrè a yon lòt,
10oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch,
e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.
11Tankou pòm an lò ki monte sou ajan,
se konsa yon Pwov 15:23mo byen plase nan moman li.
12Tankou yon Egz 32:2zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen
se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
13Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,
se konsa yon Pwov 13:17mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,
paske li rafrechi nanm a mèt li yo.
14Tankou Jd 12nwaj ak van san lapli,
se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.
15Ak Jen 32:4pasyans, yon chèf ka vin pèswade;
se yon lang dous ki kase zo.
16Èske ou te Jij 14:8jwenn siwo myèl?
Manje sèlman kont ou,
pou ou pa gen twòp pou vomi li.
17Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou,
sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.
18Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,
se konsa yon nonm ki pote Egz 20:16fo temwen kont vwazen li.
19Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab,
se konsa konfyans nan yon Job 6:15nonm enfidèl nan tan gwo twoub.
20Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi,
oswa tankou vinèg sou poud bikabonat,
se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye.
21 Egz 23:4-5 Si lènmi ou grangou, ba li manje;
epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
22paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,
e II Sam 16:12SENYÈ a va bay ou rekonpans.
23Van nò pote lapli
e yon Sòm 101:5lang medizan, pote yon move vizaj.
24Li Pwov 21:9pi bon pou viv nan yon kwen twati
pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.
25Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige,
se konsa yon Pwov 15:30bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.
26Tankou yon Éz 32:2sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine,
se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
27Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl,
ni li pa bon pou Pwov 27:2chache pwòp glwa pa w.
28Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,
se konsa yon nonm ki II Kwo 32:5 pa kontwole pwòp tèt li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.