Pwovèb Yo 24 - Haitian Bible

1Pa fè anvi a moun mechan,

ni dezire Sòm 1:1 pou avèk yo;

2paske panse yo fòmante És 30:12vyolans

e lèv yo pale inikite.

3 Pwov 9:1 Avèk sajès, kay la bati

e avèk bon konprann, li vin etabli.

4Pa konesans, chanm yon moun vin

Pwov 8:21 ranpli avèk tout bèl kalite richès.

5Yon nonm saj byen fò,

e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.

6Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,

e Pwov 11:14ak konseye an abondans, gen viktwa.

7Sajès Sòm 10:5twò wo pou moun ensanse a;

li pa ouvri bouch li nan pòtay la.

8Yon moun ki fè plan pou fè mal,

moun va rele li magouyè.

9Fòmante foli se peche,

e mokè a abominab a tout moun.

10Si ou Det 20:8lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.

11 Sòm 82:4 Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,

ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.

O, kenbe yo!

12Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;

èske Li pa Ekl 5:8konsidere sa, sila ki peze kè?

Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?

Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?

13Fis mwen, manje Sòm 19:10siwo myèl, paske li bon;

wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.

14Konnen ke Pwov 2:10sajès se konsa pou nanm ou;

si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.

15 Sòm 10:9-10 Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,

kont kote ke moun dwat la rete a.

Pa detwi kote repo li a;

16paske yon Job 5:19nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,

men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.

17 Job 31:29 Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.

Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;

18Oswa, SENYÈ a va wè l,

vin pa kontan e detounen kòlè Li de li.

19 Sòm 37:1 Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,

ni fè lanvi pou mechan yo,

20paske pou yon nonm mechan, Job 15:31pa gen avni.

Lanp a mechan an va etenn nèt.

21Fis mwen an, Wo 13:1-7gen lakrent SENYÈ a ak wa a;

pa asosye ak sila ki pa stab yo,

22paske, Pwov 24:16malè yo va leve vit.

Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.

23Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:

Fè Pwov 18:5 patipri nan jijman pa bon.

24Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”,

Pwov 11:26 pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;

25men pou Pwov 28:23sila ki repwoche mechan yo,

lap wale byen ak yo.

Bon benediksyon va tonbe sou yo.

26Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.

27Prepare tout travay ou a deyò;

byen prepare chan ou.

Apre, alò, bati kay ou.

28Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,

e Lev 6:2-3pa bay manti ak lèv ou.

29 Pwov 20:22 Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;

mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”

30Mwen te pase nan chan parese a;

akote chan rezen a nonm ki manke Pwov 6:22bon konprann nan.

31Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

e kouvri ak move zèb,

És 5:5 Miray an wòch la te fin kraze nèt.

32Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.

33 Pwov 6:10 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,

yon ti pliye men pou repoze,”

34Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

ak bezwen tankou yon bandi kon zam.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help