Pwovèb Yo 23 - Haitian Bible

1Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,

konsidere byen sa ki devan ou.

2Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

si ou se yon Pwov 23:20nonm ak gwo lanvi.

3Pa dezire bon manje sa yo,

paske se yon repa desepsyon.

4Pa fatige kò ou pou jwenn richès;

Pwov 3:5-7 sispann reflechi sou sa.

5Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

Paske, anverite, Pwov 27:24li gen zèl kon yon èg

k ap vole vè syèl yo.

6Pa manje pen a yon Det 15:9mesye ki chich,

ni anvi bèl bagay li;

7paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

Li di ou: “Manje e bwè!” Men Pwov 26:24-25kè li pa avè w.

8Ou va Pwov 25:16vomi mòso ke ou te manje a

e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

9 Mat 7:6 Pa pale nan zòrèy a moun sòt,

paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.

10Pa deplase ansyen bòn nan,

ni Jr 22:3antre nan chan òfelen yo,

11Paske Job 19:25Redanmtè yo a pwisan.

Li va plede ka yo kont ou.

12Aplike kè ou a disiplin

ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.

13 Pwov 13:24 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

14Ou va frape li ak baton

pou I Kor 5:5delivre nanm li de sejou mò yo.

15Fis mwen an, si kè ou Pwov 23:24saj,

pwòp kè m va kontan tou.

16Wi, jis anndan m va rejwi

lè lèv ou pale Pwov 8:6sa ki dwat.

17 Sòm 37:1 Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,

men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.

18Anverite, gen davni,

e Sòm 9:18espwa ou p ap anile.

19Koute, fis mwen an, vin saj

pou Pwov 4:23 dirije kè ou nan chemen an.

20Pa bwè twòp diven,

ni fè Det 21:20 voras nan manje vyann;

21paske sila ki Pwov 21:17bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.

22 Pwov 1:8 Koute papa ou ki te fè ou a,

e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

23 Pwov 4:7 Achte verite e pa vann li!

Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

24Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

e Pwov 10:1sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

25Kite Pwov 27:11papa ou ak manman ou fè kè kontan;

kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

26Ban m kè ou, fis mwen an;

kite zye ou Sòm 1:2 fè kè kontan nan chemen mwen yo.

27Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

e yon Pwov 5:20 fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

28Anverite, li Pwov 6:26kache veye tankou vòlè,

pou l ogmante enfidelite pami lòm.

29Se kilès ki gen És 5:11-22gwo pwoblèm?

Se kilès ki gen tristès?

Se kilès ki gen konfli?

Se kilès kap plenyèn?

Se kilès ki blese san rezon?

Se kilès ki gen zye wouj?

30Sila ki I Sam 25:36mize sou diven nan,

sila ki ale goute diven mele an.

31Pa gade diven an lè l wouj,

lè l fè klè nan tas la,

lè l Kan 7:9desann byen dous.

32Nan dènye moman an, li Job 20:16mòde tankou sèpan;

li brile tankou bouch koulèv.

33Zye ou va wè bagay ki dwòl,

e panse ou va Pwov 2:12twouble anpil.

34Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,

oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.

35“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!

Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!

Lè m leve, m ap Pwov 26:11chache pou m kab bwè ankò.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help