1Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,
se konsa respè Pwov 17:7 pa merite rive sou yon moun ensanse.
2Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,
se konsa yon Nonb 23:8madichon san koz p ap poze.
3Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,
ak Pwov 10:13baton pou do a moun ensanse a.
4 Pwov 23:9 Pa reponn yon moun ensanse selon foli li,
oswa ou va vin tankou li.
5 Mat 16:1-4 Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,
pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
6Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,
ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
7Tankou janm ki initil pou moun bwate a,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
8Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal
se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
9Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
10Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,
se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,
ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
11Tankou II Pi 2:22yon chen ki retounen nan vomi li,
se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
12Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?
Pwov 29:20 Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
13 Pwov 22:13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
14Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa Pwov 6:9parese a sou kabann li.
15 Pwov 19:24 Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16Parese a Pwov 27:11pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
17Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,
se konsa sila k ap pase pa aza a,
pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
18Tankou yon moun fou k ap jete És 50:11bwa dife, flèch ak lanmò,
19se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di:
Ef 5:4 “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20Akoz mank bwa, dife a etenn;
lè ti koze sispann, Pwov 22:10 rayisman vin kalme.
21Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,
se konsa yon moun tchenpwèt Pwov 15:18 chofe pwoblèm pou limen konfli.
22 Pwov 18:8 Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,
vin tankou bèl ti mòso delika.
Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
23Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24Yon nonm malonèt, Sòm 41:6kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25Lè l Sòm 28:3pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va Luc 8:17 devwale devan asanble a.
27Sila ki Est 7:10fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.