1Sajès Kol 3:9-10bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2Li te Mat 22:4prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3Li Sòm 68:11voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki Pwov 6:32 manke bon konprann nan, li di:
5“Vin Kan 5:1manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6Kite foli ou pou ou ka viv;
epi Éz 11:20avanse nan chemen bon konprann nan.”
7Sila ki Pwov 23:9korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
Sòm 141:5 repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va Pwov 1:5ogmante konesans li.
10 Job 28:28 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11Paske Pwov 3:16pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12Si ou saj, ou saj Job 22:2pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13Fanm sòt Pwov 7:11pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote Pwov 9:3wo plas vil yo.
15Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 Pwov 9:4 Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17“Dlo yo vòlè dous
e Pwov 20:17pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.