Pwovèb Yo 8 - Haitian Bible

1Èske Pwov 1:20-21sajès pa rele?

Èske bon konprann pa leve vwa li?

2Anlè Pwov 9:3-14wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;

la li pran pozisyon li.

3Akote Job 29:7pòtay yo, nan ouvèti vil la,

nan antre pòtay yo, li kriye fò:

4Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!

Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.

5O moun ensanse yo, vin aprann pridans!

Pwov 1:22-32 Moun fou yo, vin konprann sajès!

6Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.

Lè lèv mwen louvri, Pwov 23:16 y ap devwale bagay ki kòrèk.

7Paske Sòm 37:30bouch mwen va eksprime verite;

epi mechanste vin abominab a lèv mwen.

8Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;

nanpwen anyen Det 32:5kwochi oswa pèvès ladann yo.

9Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,

e kòrèk pou sila ki Pwov 3:13 jwenn konesans lan.

10Pran Pwov 3:14-15konsèy mwen olye ajan,

e konesans olye pi chwa nan lò pi.

11Paske, sajès Job 28:15-18pi bon ke bijou;

epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.

12Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.

Konsa, mwen fè jwenn Pwov 1:4konesans ak bon sans.

13 Pwov 3:7 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.

14 Pwov 1:25 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.

Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.

15Akoz mwen, II Kwo 1:10wa yo vin renye;

e gouvènè yo fè dekrè lajistis.

16Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;

tout moun ki fè jijman ki bon yo.

17Mwen renmen sila ki renmen m yo.

Pwov 2:4-5 Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.

18 Pwov 3:16 Richès ak lonè avèk m;

richès k ap dire ak ladwati.

19Fwi mwen Job 28:15pi bon ke lò, menm lò pi.

Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.

20Mwen mache nan ladwati,

nan mitan wout lajistis yo,

21Pou m bay a sila ki renmen m, richès;

pou m kab Pwov 24:4ranpli kès yo.

22SENYÈ a te posede m Job 28:26-28nan kòmansman travay pa Li;

menm avan zèv ansyen Li yo.

23Depi nan etènite, mwen te etabli,

depi nan kòmansman, Jn 17:5 depi nan tan pi ansyen mond lan.

24Lè potko gen Jen 1:2pwofondè, mwen te fèt,

lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.

25 Job 15:7 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,

mwen te fèt;

26pandan li potko fè tè a ak chan yo,

ni premye grenn pousyè mond lan.

27Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,

lè Job 26:10 Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,

28lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,

lè sous nan fon yo te vin etabli,

29lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,

lè Li te make tras Job 38:6fondasyon tè a;

30Nan tan sa a, mwen te akote Li,

yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen

e te rejwi devan L tout tan,

31Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,

e fè Sòm 16:3kè kontan nan fis a lòm yo.

32“Alò, pou sa, fis yo, Pwov 5:7koute mwen;

paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.

33 Pwov 4:1 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.

34 Pwov 3:13-18 Beni se moun ki koute mwen an,

k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,

k ap veye kote poto pòt kay mwen an.

35Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi

e resevwa lonè devan SENYÈ a.

36Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;

tout sila ki rayi mwen yo, Pwov 21:6 renmen lanmò.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help