Pwovèb Yo 7 - Haitian Bible

1Fis mwen an, Pwov 2:1kenbe pawòl mwen yo

e kache kòmandman mwen yo anndan ou.

2Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,

ak enstriksyon mwen yo

Det 32:10 kon de grenn zye nan tèt ou.

3Mare yo sou dwèt ou;

Pwov 3:3 ekri yo sou tablo a kè ou.

4Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”

e rele sajès pi bon zanmi ou,

5Pou li kab anpeche ou ale

jwenn ak yon fanm adiltè;

yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.

6Paske bo fenèt lakay mwen,

mwen te gade Pwov 6:32 nan fant fenèt mwen an.

7Konsa, mwen te wè pami moun Pwov 1:22sòt yo,

e te rekonèt pami jenn yo,

yon jennonm ki te manke bon sans;

8ki t ap pase nan lari a toupre

kwen kay fanm nan.

Konsa, li pran chemen pou rive Pwov 7:27lakay li,

9nan solèy kouche a, nan aswè,

nan mitan lannwit ak nan fènwa.

10Epi gade, yon fanm vin pwoche li

Jen 38:14-15 abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.

11Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.

I Tim 5:13 Pye li pa rete lakay li.

12Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,

lap Pwov 23:28kache tan nan tout kwen.

13Konsa, li sezi li, bo li;

e ak Pwov 21:29figi byen ranje, li di li:

14“Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.

Se jodi a, mwen Lev 7:16 fin peye ve mwen yo.

15Konsa, mwen te vin rankontre ou,

pou jwenn prezans ou;

e konsa, mwen te twouve ou.

16Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;

avèk bèl És 19:9dra Égypte yo.

17Mwen te flite kabann nan ak pafen

flè jasmen, lwil womaren ak Egz 30:23 kanèl.

18Vini, annou bwè ladann

e fè lanmou jis rive nan maten.

Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.

19Paske mari m pa lakay la;

li ale nan yon gran vwayaj.

20Li te pran yon sak lajan avè l.

Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”

21Ak anpil ankourajman, li atire li;

avèk Pwov 5:3lèv a flatè, li sedwi li.

22Sibitman, li swiv li tankou

yon bèf k ap monte labatwa,

tankou moun sòt

kab mache rive nan ne koulan an.

23Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;

tankou yon Ekl 9:12zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.

Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.

24Alò, pou sa, fis yo, Pwov 5:7koute mwen

e okipe pawòl a bouch mwen yo.

25Pa kite kè ou Pwov 5:8vire akote nan chemen li yo!

Pa vin antre egare nan wout li yo!

26Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;

e Pwov 9:18anpil se sila ki te mouri akoz li.

27 Pwov 2:18 Lakay li nan wout Sejou mò yo,

k ap desann nan chanm lanmò yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help