Pwovèb Yo 10 - Haitian Bible

1Pwovèb a Salomon yo.

Yon fis ki saj fè papa li kontan,

men yon fis ki plen ak foli

se yon gwo doulè pou manman l.

2 Sòm 49:7 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,

men ladwati delivre soti nan lanmò.

3SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,

men l ap rejte lanvi mechan an.

4Malere se sila ki travay ak men lach;

men lamen moun dilijan an, anrichi.

5Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a,

se yon fis ki aji ak sajès;

men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

fè gwo wont.

6Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;

men Pwov 10:11bouch mechan an kache vyolans.

7Memwa a moun dwat la beni;

men Sòm 9:5 non mechan an vin pouri.

8 Pwov 9:8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;

men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.

9Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;

men sila Pwov 26:6 ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.

10Sila Sòm 35:19ki bat zye a, koze pwoblèm,

e moun fou a ki pale anpil, fè dega.

11 Sòm 37:30 Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,

men bouch a mechan an kache vyolans.

12Rayisman pwovoke konfli;

men lanmou kouvri tout fot.

13Sou Pwov 10:31lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;

men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.

14Moun saj yo ranmase konesans;

men ak Pwov 10:8-10 bouch moun fou a, destriksyon an toupre.

15Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.

Pwov 19:7 Sa ki detwi malere a se mizè.

16 Pwov 11:18-19 Salè a moun dwat se lavi;

revni a mechan an se pinisyon.

17Sila ki swiv enstriksyon an, Pwov 6:23sou wout lavi;

men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.

18Sila Pwov 26:24ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

19Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;

men Pwov 17:27sila ki frennen lèv li gen sajès.

20Lang a moun dwat yo se tankou Pwov 8:19ajan pi chwazi a;

men kè a mechan an vo piti.

21 Pwov 10:11 Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;

men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.

22Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;

konsa li pa mele ak chagren.

23Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;

e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.

24Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;

men Sòm 145:19sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.

25Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;

men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.

26Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;

se konsa Pwov 26:6parese a ye pou sila ki voye li yo.

27 Pwov 3:2 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;

men lane mechan yo va kout.

28Lespwa a moun dwat la se kè kontan;

men Job 8:13 entansyon mechan an va peri.

29Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;

men Pwov 21:15 destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.

30Moun ladwati a p ap janm souke;

men Pwov 2:22mechan yo p ap demere nan peyi a.

31 Sòm 37:30 Bouch a moun dwat la koule ak sajès;

men lang pèvès la vin koupe.

32Lèv a moun dwat yo fè parèt Ekl 12:10sa ki bon;

men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help