Pwovèb Yo 2 - Haitian Bible

1Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

e Pwov 3:1gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

2e Pwov 22:17fè zòrèy ou atantif a sajès;

e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

3wi, si ou leve vwa w pou sajès;

e leve vwa ou vè bon konprann;

4si ou chache li kon ajan,

e fè rechèch dèyè li kon trezò Job 3:21ki kache;

5nan lè sa a, ou va dekouvri Pwov 1:7lakrent SENYÈ a,

e dekouvri konesans Bondye a.

6Paske, I Wa 3:12SENYÈ a bay sajès.

Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

7Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

Li se Sòm 84:11boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

8Ka p veye chemen lajistis yo,

e I Sam 2:9pwoteje chemen a fidèl Li yo.

9Konsa, ou va dekouvri Pwov 8:20ladwati ak jistis,

e menm egalite avèk tout bon chemen yo.

10Paske, sajès va antre nan kè ou,

e Pwov 22:18 konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.

11Bon konprann va Pwov 4:6pwoteje ou,

konesans va veye sou ou,

12pou Pwov 28:26pwoteje ou kont chemen mal la,

kont lòm ki pale bagay pèvès yo.

13Kont sila ki Pwov 21:16kite chemen ladwati yo

pou mache nan chemen fènwa yo;

14ki Pwov 10:23pran plezi nan fè sa ki mal

e rejwi nan mechanste mal la.

15Chemen a sila ki vin Sòm 125:5kwochi yo

e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.

16Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,

soti nan men Pwov 23:27fanm adiltè ki flate ak pawòl li;

17ki kite Mat 2:14-15konpanyen jenès li a,

e ki bliye akò a Bondye li;

18paske lakay li mennen a lanmò

e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

19Pèsòn Ekl 7:26ki ale kote li menm, pa retounen ankò,

ni yo pa jwenn pa lavi.

20Akoz sa a, ou va Eb 6:12mache nan chemen a sila ki bon yo,

e swiv tras a moun ladwati yo.

21Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,

e Pwov 28:10 sila ki san tò yo va rete ladann;

22men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,

e moun trèt yo va Det 28:63 dechouke de li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help