Pwovèb Yo 1 - Haitian Bible

1 I Wa 4:32 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

2pou konnen sajès avèk enstriksyon,

Pou dekouvri pawòl Pwov 4:1 bon konprann yo,

3Pou Pwov 2:1resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

4Pou Pwov 8:5-12avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

5Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

e yon Pwov 14:6 nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

6Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk Nonb 12:8devinèt yo.

7 Job 28:28 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

8Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

e Pwov 6:20 pa abandone leson a manman ou yo;

9Anverite, yo fè yon Jen 41:42kouwòn byen bèl sou tèt ou,

ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

10Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, Jen 39:7-10pa dakò.

11Si yo di: “Vini avèk nou, annou Pwov 12:6kouche yon pyèj pou san,

annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;

12Annou Sòm 124:3vale yo vivan tankou Sejou mò yo,

menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.

13Nou va jwenn tout kalite byen presye,

nou va ranpli lakay nou ak piyaj.

14Tire osò pa ou ansanm ak nou.

Nou tout va gen yon sèl bous”—

15Fis mwen an, Sòm 1:1pa mache nan chemen avèk yo.

Anpeche pye ou antre sou wout yo,

16Paske Pwov 6:17-18pye yo kouri jwenn mal,

e yo fè vit pou yo vèse san.

17Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye

devan nenpòt kalite zwazo;

18men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo.

Pwov 11:19 Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.

19Se konsa tout chemen yo ye a pou

tout moun ki Pwov 15:27vin genyen pa mwayen vyolans.

Se pwòp lavi yo kap vin rache.

20 Pwov 8:1-3 Sajès rele fò nan lari.

Li leve vwa li nan plas la.

21Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.

Nan antre pòtay lari yo,

li fè moun tande tout pawòl li yo:

22“Jiskilè, O moun san bon konprann yo,

nou va renmen rete san konprann anyen?

Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e

moun san konprann yo rayi konesans?

23Vire sou repwòch mwen an.

Gade byen, mwen És 32:15va vide lespri m sou nou.

Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.

24Akoz mwen te rele nou e nou te refize;

mwen te És 65:2 lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,

25men nou te neglije tout konsèy mwen yo,

e nou Pwov 15:10 pa t vle tande repwòch mwen;

26konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.

Mwen va moke nou lè Pwov 10:24 gran laperèz la rive,

27lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt

e gwo dezas nou yo tankou Pwov 10:25toubiyon,

lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.

28Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.

Yo va Pwov 8:17chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,

29akoz yo te Job 21:14rayi konesans

e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.

30Yo te refize konsèy mwen.

Yo te rejte tout repwòch mwen yo.

31Pou sa, yo va Job 4:8manje fwi a pwòp chemen yo,

e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.

32Paske Jr 2:19 chemen kwochi a moun

san konprann yo va touye yo.

Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.

33Men sila ki koute mwen an

va viv ansekirite,

e li va rete alèz san pè malè.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help