Pwovèb Yo 3 - Haitian Bible

1Fis mwen an, Sòm 119:61pa bliye enstriksyon mwen an,

men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

2paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

va vin ogmante sou ou.

3Pa kite II Sam 15:20dousè ak verite kite ou.

Mare yo antoure kou ou.

Ekri yo sou tablo kè ou.

4Konsa, ou va twouve favè avèk Sòm 111:10bon repitasyon

nan men Bondye a, ak moun.

5 Sòm 37:3-5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

6Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

konsa Li va És 45:13fè pa ou yo vin dwat.

7 Wo 12:16 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

krent SENYÈ a e vire kite mal.

8Li va sèvi kon yon Pwov 4:22gerizon pou kò ou,

ak rafrechisman a zo ou.

9Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

ak Egz 23:19 premye pati nan tout prodwi ou,

10pou Det 28:8depo ou yo kab vin plen ak abondans,

e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

11 Job 5:17 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

ni rayi repwòch Li,

12Paske Rev 3:19sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

jis tankou yon papa konn korije

fis nan sila li pran plezi a.

13 Pwov 8:32-34 A la beni nonm ki twouve sajès,

e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

14Paske Job 28:15-19avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

e pwofi li pi bon ke lò fen.

15Li Job 28:18pi presye pase bijou;

e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

16Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

Nan men goch li se Pwov 8:18 richès ak lonè.

17 Mat 11:29 Chemen li yo byen dous,

e tout pa li yo se lapè.

18Li se yon Jen 2:9pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

19SENYÈ a Sòm 104:24ak sajès te fonde latè a;

ak bon konprann Li te etabli syèl yo.

20Ak konesans Li, Jen 7:11fon yo te vin ouvri,

e syèl yo te vin degoute lawouze.

21Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

kenbe bon sajès ak bon konprann.

22Konsa yo va Det 32:47lavi pou nanm ou

ak dekorasyon pou kou ou.

23Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

e pye ou p ap Sòm 91:12 chape.

24Lè ou Job 11:9kouche ou p ap pè;

kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

25Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

ni atak a mechan an lè l vini.

26Paske Bondye va konfyans ou,

e va I Sam 2:9veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

27 Wo 13:7 Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,

si se nan kapasite ou pou fè l.

28Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,

oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.

29 Pwov 6:14 Pa kalkile mal kont vwazen ou

pandan l ap viv an sekirite akote ou.

30Pa fè kont ak yon nonm san koz,

depi li pa konn fè ou tò.

31 Sòm 37:1 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

ni pa chwazi chemen li yo.

32Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;

men SENYÈ a Job 29:4 vin toupre a sila yo ki dwat yo.

33Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,

men Li Job 8:6 beni abitasyon a moun dwat yo.

34 Jc 4:6 Li moke moun k ap moke,

men Li bay gras a sila ki aflije yo.

35 Dan 12:3 Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,

men moun plen foli yo va dezonere.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help