Sòm Yo 146 - Haitian Bible

1Beni SENYÈ a!

Sòm 103:1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

2Mwen va beni SENYÈ a Sòm 63:4pandan mwen ap viv.

Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an

pandan mwen sou latè a.

3 Sòm 118:9 Pa mete konfyans nan prens yo.

Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.

4 Ekl 12:7 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.

Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.

5A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,

sila ki Sòm 71:5 mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

6Ki te fè syèl la avèk tè a,

Trav 14:15 lanmè ak tout sa ki ladann.

Ki fidèl jis pou tout tan.

7Ki Sòm 103:6egzekite jistis pou oprime yo.

Ki bay manje a moun grangou yo.

SENYÈ a mete prizonye yo an libète.

8SENYÈ a Mat 9:30ouvri zye a avèg yo.

SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.

SENYÈ a renmen moun ladwati yo.

9SENYÈ a Egz 22:21pwoteje etranje yo.

Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

men Li jennen wout mechan an.

10SENYÈ a va renye jis pou tout tan,

Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.

Louwe SENYÈ a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help