Sòm Yo 147 - Haitian Bible

1Louwe SENYÈ a!

Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

Paske se agreyab epi lwanj Li se Sòm 33:1dous.

2SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.

Li Det 30:3ranmase egzile Israël yo.

3Li geri sila ak Sòm 34:8kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

4Li konte fòs kantite zetwal yo.

Li És 40:26bay non a yo tout.

5Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.

És 40:28 Bon konprann Li an san limit nèt.

6SENYÈ a bay Sòm 37:24soutyen a aflije yo.

Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.

7 Sòm 33:2 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

8ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

ki Job 5:10founi lapli pou tè a,

ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

9Li bay bèt la manje li,

ak Job 38:41jenn kòbo k ap kriye yo.

10Li pa pran plezi nan fòs cheval la.

Li I Sam 16:7pa pran plezi nan janm a moun.

11SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,

Sòm 33:18 sila ki tann lanmou dous Li yo.

12Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!

Louwe Bondye ou a, O Sion!

13Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;

Li te Sòm 37:26 beni fis ou yo anndan w.

14Li Sòm 29:11fè lapè anndan lizyè ou yo.

Li satisfè ou ak meyè kalite ble.

15Li voye lòd Li sou latè.

Sòm 104:4 Pawòl Li kouri byen vit.

16Li bay lanèj kon lenn.

Li gaye Job 38:29lawouze glase kon sann.

17Li jete voye glas Li kon ti mòso.

Se kilès ki kab kanpe devan Job 37:9fredi Li a?

18Li voye pawòl Li pou fonn yo.

Li fè Sòm 107:25van Li soufle e dlo yo koule.

19Li Det 33:3-4deklare pawòl Li yo a Jacob,

règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.

20Li Det 4:7-34pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.

Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.

Louwe SENYÈ a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help