Sòm Yo 145 - Haitian Bible

Yon chan lwanj pa David

1Mwen va Sòm 30:1leve Ou wo,

O Bondye mwen, O Wa a.

Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.

2Chak jou, mwen va beni Ou e mwen

va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.

3Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.

Job 5:9 Grandè Li pa kab fin sonde menm.

4Yon Sòm 22:30-31jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.

Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.

5Sou bèlte e glwa a majeste Ou

avèk Sòm 119:27zèv mèvèy Ou yo,

mwen va reflechi tout tan.

6Lezòm va pale sou pouvwa a Det 10:21zèv mèvèy Ou yo

e mwen va pale jan Ou gran.

7Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.

Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.

8SENYÈ a Egz 34:6plen gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

9SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

lonje rive sou tout zèv Li yo.

10 Sòm 19:1 Tout zèv Ou yo va di Ou:

“Mèsi O SENYÈ,”

e fidèl Ou yo va beni Ou.

11Yo va pale Jr 14:21glwa a wayòm Ou an, e

pale sou zafè pouvwa Ou yo;

12Pou Jr 14:21fè rekonèt a fis a lòm yo,

zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak

majeste a wayòm Ou an.

13Wayòm Ou an se yon Sòm 10:16wayòm etènèl

e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

14SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.

Li Sòm 146:8leve wo tout sila ki vin pwostène yo.

15Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.

Ou Sòm 104:27bay yo manje yo nan lè yo.

16Ou Sòm 104:28ouvri men Ou pou satisfè dezi

a tout sila k ap viv yo.

17Senyè a Sòm 116:5dwat nan tout chemen Li yo, e

ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.

18SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,

tout sila ki rele liJn 4:24 ak verite yo.

19Li va Sòm 21:2ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.

Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.

20SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,

men Sòm 9:5mechan yo, Li va detwi

21Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,

e Sòm 65:2tout chè va beni sen non Li an jis pou

tout tan e pou tout tan.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help