Sòm Yo 144 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,

ki II Sam 22:35enstwi men m pou fè lagè,

ak dwèt mwen pou batay.

2Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,

Sòm 59:9 Fòterès mwen ak liberatè mwen an,

Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,

Ki soumèt pèp mwen an anba m.

3O SENYÈ, Sòm 8:4se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?

Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?

4 Sòm 39:11 Lòm se tankou yon sèl souf.

Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.

5Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.

Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.

6Fè parèt Sòm 18:14eklè pou gaye yo.

Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.

7Lonje men Ou soti anwo.

Fè m sekou!

Delivre m sòti nan gwo dlo yo,

nan men Sòm 18:44 etranje yo ak

8bouch kap pale manti yo e Jen 14:22men

dwat a sila ki se men dwat a manti yo.

9Mwen va chante yon Sòm 33:3chan tounèf a Ou menm, O Bondye;

Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,

10Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a,

II Sam 18:7 chape de nepe lanmò a.

11Fè m sekou e delivre m de men a Sòm 18:44etranje yo,

Bouch a sila ki pale desepsyon yo,

e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.

12Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,

e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.

13Kite Pwov 3:9-10depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.

Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.

14Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.

Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e

nanpwen moun k ap És 24:11rele “anmwey” nan lari nou yo.

15A la beni pèp ki ranje konsa beni!

A la Sòm 33:12beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help