Sòm Yo 143 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.

Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.

Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak Sòm 71:2ladwati Ou!

2Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,

Job 14:3 paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.

3Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.

Li fin kraze lavi m jis rive atè.

Li Sòm 88:6te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.

4Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.

Kè m Lam 3:11nan gwo twoub anndan m.

5Mwen sonje ansyen jou yo.

Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.

Mwen panse sou zèv men Ou yo.

6Mwen lonje men m vè Ou menm.

Sòm 42:2 Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.

7Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;

Sòm 27:9 Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.

8Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,

paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.

Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,

paske se a Ou ke mwen Sòm 86:4 leve nanm mwen.

9 Sòm 31:15 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.

Mwen kache nan Ou.

10Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

paske se Ou menm ki Bondye mwen.

Lespri Ou bon.

Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

11 Sòm 25:11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.

Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.

12Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt.

Sòm 54:5 Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo,

paske mwen se sèvitè Ou.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help