Sòm Yo 142 - Haitian Bible

Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè

1Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.

Ak vwa m, mwen Sòm 30:8fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.

2Mwen vide plent mwen yo devan L.

Mwen deklare Sòm 77:2pwoblèm mwen yo devan L.

3Lè Sòm 77:3lespri m te fin bat anndan m,

Ou te konnen chemen mwen.

Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.

4Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.

Nanpwen moun ki pou fè m chape.

Nanpwen moun ki pou pran swen m.

5Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.

Mwen te di “Se Ou menm ki Sòm 91:2-9sekou mwen,

pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”

6“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.

Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,

paske yo Sòm 18:17 twò fò pou mwen.

7 Sòm 143:11 Mennen nanm mwen sòti nan prizon,

pou m kab bay remèsiman a non Ou.

Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,

paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help