1 Sòm 22:19 O SENYÈ, mwen rele non Ou.
Fè vit! Vin kote m!
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;
lè m I Tim 2:8leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou Mi 7:5pòt lèv mwen yo.
4Pa mennen kè m vè okenn mal,
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki És 32:6 fè inikite yo.
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
5Kite moun Pwov 9:8ladwati yo frape mwen.
Konsa, li dous.
Kite li korije mwen.
L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.
Pa kite tèt mwen refize li,
paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
6Jij pa yo II Kwo 25:12 fin jete a tè bò kote wòch yo.
Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
7Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,
se konsa zo nou yo fin gaye nan Nonb 16:32-33 bouch sejou mò a.
8Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.
Nan Ou, mwen kache.
Pa kite nanm mwen san pwotèj.
9Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,
avèk Sòm 140:5 pèlen a sila ki fè inikite yo.
10Kite mechan yo Sòm 7:15tonbe nan pwòp filè yo,
pandan mwen pase akote.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.