Sòm Yo 138 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1 Sòm 111:1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

2Mwen va pwostène mwen I Wa 8:29vè sen tanp Ou a,

e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

3Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.

Ou te fè m plen ak kouraj ak Sòm 28:7fòs nan nanm mwen.

4 Sòm 72:11 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,

lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

5Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,

paske Sòm 21:5gran se glwa SENYÈ a.

6Paske malgre SENYÈ a egzalte,

Li toujou okipe sila ki ba yo.

Men moun ki Sòm 40:4ògeye yo,

Li rekonèt yo de lwen.

7Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,

Ou va fè m Éz 9:8-9reprann mwen.

Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.

Men dwat Ou va sove mwen.

8SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.

Pa abandone zèv men Ou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help