Sòm Yo 139 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1O SENYÈ, Ou te Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen.

2Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

Ou konprann panse mwen yo de lwen.

3Ou konn Job 14:16egzamine chemen mwen fè avèk

kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

4Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

Men gade, O SENYÈ, Ou Eb 4:13konnen tout li menm.

5Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

Ou te Job 9:33poze men Ou sou mwen.

6 Wo 11:33 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

Li twò wo.

Mwen pa kab rive kote l.

7 Jr 23:24 Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?

8 Am 9:2-4 Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

9Si mwen pran zèl nan maten,

si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

10menm la, se men Ou k ap Sòm 23:2-3mennen mwen,

e se men dwat Ou k ap kenbe m.

11Si mwen di: “Anverite, Job 22:13tenèb la va kouvri mwen,

e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”

12menm tenèb la pa tenèb pou Ou,

e fènwa a klere menm jan ak lajounen.

I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.

13Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

14Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo Sòm 40:5depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa.

15 Job 10:8-10 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.

16Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

Epi nan liv Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

17Anplis, SENYÈ, a la presye se Sòm 40:5panse Ou yo yo pou mwen!

A la gran, yo gran anpil!

18Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

Lè m Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

19O ke Ou ta És 11:4touye mechan yo, O Bondye.

Soti sou mwen, O moun ki vèse san.

20Paske yo Jd 15pale kont Ou ak mechanste,

e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.

21Èske m pa II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?

Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

22Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.

Yo devni lènmi m.

23Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

24Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help