Sòm Yo 137 - Haitian Bible

1Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.

Nou te Né 1:4kriye, lè nou te sonje Sion.

2Sou pye Lev 23:40sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.

3Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,

e És 49:17bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:

“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”

4Kijan pou nou ta chante II Kwo 29:27chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?

5Si mwen És 65:11ta bliye ou, O Jérusalem, kite men

dwat mwen bliye kapasite li.

6Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,

Si m pa ta sonje ou, si m pa ta Né 2:3leve Jérusalem wo,

pi wo ke pi gwo plezi m yo.

7Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,

ke yo te di: “Raze l nèt!

Raze l Sòm 74:7 jis rive nan fondasyon li.”

8O fi a Babylone nan, Ou menm ki te És 13:1-22devaste nou an,

A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm

rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!

9A la beni sila ki sezi pitit ou yo,

e ki II Wa 8:12kraze yo nan wòch la va beni!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help