Sòm Yo 102 - Haitian Bible

1Koute lapriyè mwen, O SENYÈ!

Epi kite kri sekou mwen Egz 2:23rive bò kote Ou.

2Pa kache figi Ou sou mwen nan jou gwo twoub mwen an;

Panche zòrèy Ou bò kote m.

Nan jou ke m rele Ou a, Sòm 69:17reponn mwen vit.

3Paske jou m yo Sòm 37:20te manje nèt nan lafimen,

e zo m te chofe tankou yon chemine.

4Kè m Sòm 90:5-6fin frape tankou zèb.

Li fennen nèt.

Anverite, mwen bliye manje pen mwen.

5Akoz gwo bri kri mwen yo,

Job 19:20 zo m yo kole sou chè m.

6Mwen sanble ak yon És 34:11grangozye nan dezè.

Mwen tankou yon frize nan gran savann.

7Mwen Sòm 77:4kouche zye tou louvri.

Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.

8Lènmi m yo repwoche m tout lajounen.

Sila ki Trav 26:11moke m yo sèvi ak non mwen kon madichon.

9Paske mwen te manje sann kon pen e

Sòm 42:3 mele bwason m ak dlo zye m,

10akoz endiyasyon avèk kòlè Ou.

Ou te Job 27:21leve m wo e te jete m lwen.

11Jou m yo tankou yon Job 14:2lonbraj ki vin long.

Mwen vin fennen tankou zèb.

12Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan

E Egz 3:15non Ou jis a tout jenerasyon yo.

13Ou va leve pou fè pitye sou Sion,

paske se lè pou És 60:10fè li gras.

Lè apwente a fin rive l.

14Anverite, sèvitè Ou yo twouve plezi nan wòch li yo.

Yo plen tristès akoz pousyè li.

15Pou sa, I Wa 8:43nasyon yo va krent non SENYÈ a,

e tout wa latè yo va krent glwa Ou.

16Paske se SENYÈ a ki te Sòm 142:2ranfòse Sion.

Li te parèt nan glwa Li.

17Li te Né 1:6prete atansyon a lapriyè malere yo,

e pa t meprize priyè yo.

18Sa va ekri pou jenerasyon k ap vini an.

Pou Sòm 22:31yon pèp ki poko kreye kapab bay lwanj a SENYÈ a.

19Li te gade anba soti nan wotè sen Li an.

Sòm 33:13 Soti nan syèl la, SENYÈ a te veye sou latè,

20pou tande vwa plenyen a prizonye a,

pou Sòm 146:7mete an libète sila ki te kondane a lanmò yo,

21Pou lezòm ta kab Sòm 22:22pale sou non SENYÈ a nan Sion,

e bay lwanj Li nan Jérusalem,

22pandan Sòm 22:27pèp yo rasanble ansanm ak

wayòm yo, pou sèvi SENYÈ a.

23Li fin febli fòs mwen nan chemen an.

Li Sòm 39:5rakousi nonb de jou mwen yo.

24Mwen te di: “O Bondye mwen an,

Sòm 39:13 pa rache m nan mitan jou mwen yo.

Ane pa Ou yo dire pandan tout jenerasyon yo.

25Depi tan ansyen yo, Ou te Jen 1:1fonde latè,

e syèl yo se zèv lamen Ou yo.

26Malgre yo És 34:4peri, Ou menm va rete toujou.

Wi, tout bagay nan yo va vin epwize tankou yon vètman.

Tankou rad, Ou va chanje yo, e yo va chanje.

27Men Ou menm, se menm jan an Ou ye.

Ane pa Ou yo p ap janm fini.

28Pitit a sèvitè Ou yo va kontinye,

e desandan pa yo va etabli devan Ou.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help