Sòm Yo 101 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1Mwen va Sòm 51:14 chante de lanmou dous avèk jistis.

A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.

2Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.

Kilè Ou va vini kote mwen?

Mwen va mache anndan lakay mwen ak I Wa 9:4entegrite nan kè m.

3Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.

Mwen rayi zèv a sila ki Jos 23:6 chite yo.

Sa p ap tache men l sou mwen.

4Yon Pwov 11:20 kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.

Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.

5Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

li menm, mwen va detwi.

Nenpòt moun ak Sòm 10:4rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

6Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.

Sila ki mache nan chemen Sòm 119:1 san fot la, se li menm

ki va sèvitè mwen.

7Sila ki Sòm 43:1pratike manti p ap rete lakay mwen.

Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.

8Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,

Pou m kab Sòm 118:10-12koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help