Sòm Yo 103 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1 Sòm 104:1-35 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

2Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

e pa janm Det 6:12bliye benefis Li yo,

3ki Egz 34:7padone tout inikite ou yo,

ki geri tout maladi ou yo,

4ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

mizerikòd;

5ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

Pou jenès ou vin És 40:31renouvle tankou èg la.

6SENYÈ a Sòm 99:4fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

7Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse,

zèv Li yo a fis Israël yo.

8SENYÈ a plen Egz 34:6 mizerikòd ak gras,

lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

9Li p ap toujou goumen ak nou,

ni Li p ap Jr 3:5-12kenbe kòlè Li jis pou tout tan.

10Li Esd 9:13pa t aji avèk nou selon peche nou yo,

ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.

11Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a,

menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.

12Menm jan lès lwen lwès la,

Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.

13Menm jan Mal 3:17ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

14Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

Li sonje byen ke nou pa plis ke Jen 3:19pousyè.

15Men pou lòm, jou li yo se Sòm 90:5tankou zèb.

Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.

16Depi És 40:7van fin pase sou li, li pa la ankò e

plas li a pa rekonèt li ankò.

17Men Sòm 25:6lanmou dous a SENYÈ a,

soti pou tout tan jis rive pou tout tan

sou sila ki gen lakrent Li yo

e ladwati Li a pitit pitit li yo,

18pou sila ki kenbe akò Li yo,

e sonje règleman Li yo pou fè yo.

19SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

e souverènte li regne sou tout bagay.

20Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

ki obeyisan a vwa pawòl Li!

21Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

nou menm Sòm 104:4ki sèvi Li nan fè volonte Li.

22Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

nan tout kote nan wayòm Li an.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help