Sòm Yo 96 - Haitian Bible

1Chante a SENYÈ a yon Sòm 40:3 chan tounèf!

Chante a SENYÈ a tout latè a.

2Chante a SENYÈ a!

Beni non Li!

Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.

3Pale Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo,

zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.

4Paske gran se SENYÈ a!

Li merite gran lwanj.

Fòk Li resevwa krentif nou Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo.

5Paske tout dye a pèp yo se zidòl,

men SENYÈ a te fè syèl yo.

6 Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L.

Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.

7Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,

I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.

8Bay a SENYÈ a Sòm 79:9 glwa a non Li.

Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.

9Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.

Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a.

10Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”

Anverite, mond lan etabli byen solid.

Li p ap ebranle menm.

SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.

11Kite Sòm 69:34 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.

Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.

12Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.

Epi tout És 44:23 bwa nan forè yo va chante ak jwa

13devan SENYÈ a, paske La p vini.

Paske La p vini pou jije latè. Rev 19:11 Li va jije mond lan

avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help