Sòm Yo 97 - Haitian Bible

1SENYÈ a renye, kite latè rejwi!

Kite tout És 42:10-12 lil yo fè kè kontan!

2Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.

Sòm 89:14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.

3Se Mal 4:1 dife ki ale devan L pou brile tout

advèsè Li yo toupatou.

4 Egz 19:16 Loray Li yo klere tout mond lan.

Latè wè e li tranble.

5Mòn yo Sòm 46:6 fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,

devan prezans SENYÈ tout latè a.

6 Sòm 19:1 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.

7Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,

ki vin ògeye sou zafè Sòm 106:36zidòl yo.

Adore Li, tout dye yo.

8Sion te tande sa e Sòm 48:11 te rejwi.

Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.

9Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.

Ou leve Sòm 83:18 pi wo anpil pase tout dye yo.

10 Sòm 34:14 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!

Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.

Li delivre yo nan men a mechan yo.

11Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,

ak Sòm 64:10 kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.

12Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e

bay remèsiman a non sen Li an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help