Sòm Yo 95 - Haitian Bible

1O vini, annou chante a SENYÈ a!

Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

2Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,

Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

3Paske SENYÈ a se yon Sòm 48:1 gran Bondye, e

yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

4Nan men Sila Sòm 135:6 pwofondè latè yo ye a.

Pwent mòn yo osi se pou Li.

5Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm Jen 1:9-10 ki te fè l.

Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

6Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.

Annou mete ajenou devan SENYÈ Sòm 100:3 ki te fè nou an.

7Paske se Li menm ki Bondye nou an.

Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.

Eb 3:7-11-15 Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

8pa fè kè nou vin di tankou nan Egz 17:2-7 Meriba,

tankou nan jou a Massa nan dezè yo,

9“lè papa zansèt nou yo te Nonb 14:22 pase M a leprèv.

Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.

10Pandan Trav 7:36 karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:

“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.

Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

11Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,

“Anverite, yo p ap antre nan Det 12:9repo Mwen an.”

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help