Sòm Yo 94 - Haitian Bible

1O SENYÈ, Bondye a Det 32:35 vanjans lan,

Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!

2Vin leve, O Jen 18:25 Jij sou tè a.

Bay rekonpans a moun ògeye yo.

3Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ,

pou konbyen de tan Job 20:5 mechan yo va leve tèt yo wo?

4Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy.

Tout moun ki fè mechanste yo Sòm 10:3 vante tèt yo.

5Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ.

És 3:15 Yo aflije eritaj Ou a.

6Yo És 10:2 touye vèv yo avèk etranje a.

Yo asasine òfelen yo.

7 Job 22:13 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye

Jacob la p ap okipe sa a.”

8Veye sa a, nou menm ki Sòm 92:6 ensansib pami pèp la;

Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?

9Sila ki Egz 4:11 plante zòrèy la, èske Li pa tande?

Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.

10Sila ki fè chatiman nasyon yo,

èske Li p ap fè repwòch?

Sila ki Job 35:11 enstwi lòm; Li konnen!

11SENYÈ a Job 11:11 konnen panse a lòm,

ke se sèlman yon souf ke yo ye.

12Beni se nonm ke Ou bay chatiman an,

O SENYÈ,

ke Ou Sòm 119:171 enstwi nan lalwa Ou a,

13pou Ou kapab bay li sekou nan Sòm 49:5jou advèsite yo,

jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo.

14Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a,

ni Li p ap Sòm 37:28 lage pèp eritaj Li a.

15Paske Sòm 97:2 jijman an va devni dwat ankò e

tout pèp ladwati yo va swiv li.

16Se kilès ki va Nonb 10:35 kanpe pou mwen kont malfektè yo?

Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?

17Si Sòm 124:1-2 SENYÈ a pa t sekou mwen,

nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan.

18Si mwen ta di: Sòm 38:16 “Pye m glise,”

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.

19Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,

És 57:18 konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.

20Èske yon Am 6:3 twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou?

Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè?

21Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo,

e Egz 23:7 kondane inosan yo a lanmò.

22Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e

Bondye mwen an, Sòm 18:2 wòch ki pwoteje mwen an.

23Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e

va Sòm 7:16 koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo.

SENYÈ nou an va koupe retire yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help