Sòm Yo 91 - Haitian Bible

1Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan Sòm 17:8lonbraj Toupwisan an.

2Mwen va di a SENYÈ a:

“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

Se nan Li mwen mete Sòm 25:2konfyans!”

3Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

ak I Wa 8:37 ravaj gwo maladi yo.

4Li va És 51:16 kouvri ou ak plim Li yo.

Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

5Ou p ap pè laperèz lannwit, ni Sòm 64:4flèch k ap vole lajounen,

6ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

ni destriksyon ki devaste a midi.

7Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,

ak di mil sou men agoch ou,

men Jen 7:23 sa p ap pwoche ou.

8Ou va sèlman gade avèk zye ou pou

Sòm 37:34 wè rekonpans a mechan yo.

9Paske ou te fè SENYÈ a, vin Sòm 91:2 sekou ou,

menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

10 Pwov 12:21 Nanpwen mal k ap rive ou,

Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

11Paske Li va bay Sòm 34:7 zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

pou veye ou nan tout chemen ou yo.

12Yo va Mat 4:6 leve ou byen wo nan men yo,

pou ou pa frape pye ou kont wòch.

13Ou va Jij 14:6 pile sou lyon an ak koulèv la.

Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.

14Paske li te renmen M konsa,

pou sa, Mwen va delivre li.

Mwen va Sòm 59:1 mete li byen solid an wo,

akoz li te rekonèt non Mwen.

15Li va Job 12:4 fè apèl non Mwen e Mwen va reponn li.

Mwen va avèk Li nan tan twoub la.

Mwen va delivre li e bay li lonè.

16Mwen va satisfè li avèk yon lavi ki long,

e kite li wè sali mwen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help