Sòm Yo 92 - Haitian Bible

Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

1Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

2pou deklare lanmou dous Ou nan maten

avèk Sòm 89:1fidelite Ou nan lannwit,

3avèk I Sam 10:5 lenstriman a kòd e avèk ap,

avèk mizik ki retanti sou lir.

4Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a.

Mwen va chante chan viktwa a akoz Sòm 8:6zèv men Ou yo.

5A la zèv Ou yo gran, O SENYÈ!

Panse Ou yo byen pwofon.

6Yon Sòm 49:10 nonm ensanse pa gen konesans,

ni yon nonm bèt pa konprann sa:

7Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la,

e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo,

se te pou yo ta kapab Sòm 37:38detwi jis pou tout tan.

8Men Ou menm O SENYÈ, Ou Sòm 83:18 an wo jis pou tout tan.

9Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ,

paske gade byen, Sòm 37:20 lènmi Ou yo va peri.

Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.

10Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon.

Mwen te onksyone avèk lwil nèf.

11Epi zye mwen vin Sòm 54:7 gade avèk kè kontan

malfektè ki leve kont mwen yo.

12Moun dwat la va fleri tankou palmis.

Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.

13Plante lakay SENYÈ a, yo va fleri tankou palmis.

Yo va fleri nan lakou kay Bondye nou an.

14Yo va Pwov 11:30 bay fwi toujou lè yo vin vye.

Yo va plen ak dlo bwa vèt.

Y ap rete vèt nèt.

15Konsa, yo deklare ke SENYÈ a toujou dwat.

Li se wòch mwen,

e Wo 9:14 nanpwen anyen ki pa dwat nan Li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help