Sòm Yo 90 - Haitian Bible

LIV 4Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.

1Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye

pandan tout jenerasyon yo.

2Avan mòn yo te vin parèt,

oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,

menm Sòm 93:2pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.

3Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:

“Retounen, O pitit a lòm yo.”

4Paske mil ane devan zye Ou

se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.

5Ou Job 22:16 bale yo ale pandan y ap dòmi.

6Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve.

Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.

7Paske nou Sòm 39:11 fin manje nèt akoz kòlè Ou.

E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.

8Ou te Sòm 50:21 mete inikite nou yo devan Ou.

Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.

9Paske Sòm 78:33 tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.

Ane nou yo ap fini kon souf.

10Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,

oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.

Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.

Paske byen vit li prale, e nou Job 20:8 vole ale.

11Se kilès ki konprann Sòm 76:7 fòs a kòlè Ou a?

Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?

12Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

pou nou kab Pwov 2:1-6ofri Ou yon kè ki plen sajès.

13Lache, O SENYÈ!

Konbyen tan sa va ye?

Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!

14O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,

pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.

15Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,

tout Det 2:14-16ane ke nou te wè mal yo.

16Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,

akI Wa 8:11majeste Ou a pitit yo.

17Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,

epi Sòm 37:23konfime pou nou menm, zèv men nou yo.

Wi, konfime zèv men nou yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help