Sòm Yo 41 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1A la beni sila ki konsidere ka malere a beni!

SENYÈ a va delivre li Sòm 27:5nan jou twoub li.

2SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv.

Li va rele beni sou latè a.

Ni li Sòm 27:12 p ap livre a volonte lènmi li yo.

3SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan.

Nan maladi li, li va restore li a lasante.

4Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras.

Geri nanm mwen paske Sòm 51:4 mwen te peche kont Ou.”

5Lènmi m yo Sòm 38:12pale mal kont mwen:

“Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

6Si li vin wè m, li Sòm 12:2bay manti.

Kè li ranmase mechanste pou kont li.

Lè l sòti deyò, li pale sa.

7Tout sila ki rayi mwen yo

soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt.

Kont mwen, yo Sòm 56:5fè plan pou

donmaje mwen epi yo di:

8“Yon bagay mechan gen tan pran l,

pou lè l kouche, pou l Sòm 71:10-11pa leve ankò.”

9Menm II Sam 15:12zanmi ki te pre m nan,

nan sila mwen te mete konfyans la,

li ki te manje pen mwen,

te leve talon li kont mwen.

10Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e Sòm 3:3fè m leve

pou m kab bay yo rekonpans yo.

11Se konsa Sòm 37:23mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen.

Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.

12Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m,

epi Ou mete mwen Job 36:7nan prezans Ou

jis pou tout tan.

13 Sòm 72:18-19 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la,

soti pou tout tan, jis rive pou tout tan.

Amen e amen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help