Sòm Yo 42 - Haitian Bible

LIV 2Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

1Jan sèf la Sòm 119:131rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

2Nanm mwen swaf pou Bondye,

Pou Bondye vivan an.

Se kilè mwen kab vini pou Egz 23:17 parèt devan Bondye?

3Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.

Pandan y ap Sòm 79:10di m tout lajounen:

“Kote Bondye ou a?”

4Bagay sa yo mwen sonje e mwen

I Sam 1:15 vide nanm mwen nèt anndan m.

Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,

pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,

avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.

5Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

Epi poukisa ou twouble anndan m?

Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

va louwe Li ankò akoz Sòm 44:3sekou a prezans Li an.

6O Bondye mwen, nanm mwen pèdi espwa anndan mwen.

Pou sa, mwen sonje Ou soti nan peyi

Jourdain an avèk tèt mòn Hermon yo, soti kanpe nan Mòn Mitsear.

7Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo.

Tout Sòm 69:1-2gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.

8SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen,

chan Li yo va avèk mwen Job 35:10pandan nwit lan:

Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.

9Mwen va di a Bondye, wòch mwen an:

“Poukisa Ou te bliye mwen?

Poukisa mwen antre nan tristès akoz Sòm 17:9opresyon lènmi an?”

10Se tankou tout zo mwen yo kraze,

jan advèsè mwen yo anmède mwen,

pandan y ap Sòm 42:3di m tout lajounen:

“Kote Bondye Ou a”?

11Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?

Epi poukisa ou vin twouble anndan mwen?

Mete espwa ou nan Bondye, paske m ap louwe Li ankò,

O soutyen kè mwen an, e Bondye mwen an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help