Sòm Yo 40 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1Mwen te Sòm 25:5tann avèk pasyans SENYÈ a.

Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen.

2Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a,

sòti deyò gwo ma ajil la.

Li te mete pye m sou wòch la e

te Sòm 37:23fè m kanpe byen fèm.

3Li te mete yon Sòm 32:7chanson nèf nan bouch mwen,

yon chan lwanj Bondye nou an.

Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va

mete konfyans nan Bondye.

4A la Sòm 34:8beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

e ki pa t vire vè moun ògèy yo,

ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.

5Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an,

se Job 5:9mèvèy ke Ou te fè yo,

ak panse Ou yo anvè nou.

Nanpwen ki kab konpare avèk Ou.

Si m ta deklare yo e pale sou yo tout,

yo ta vin twòp pou m ta kab konte.

6 I Sam 15:22 Sakrifis avèk ofrann sereyal,

Ou pa t dezire yo.

Ou te ouvri zòrèy mwen.

Ofrann brile avèk ofrann peche yo,

Ou pa t mande yo.

7Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.

Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

8 Jn 4:34 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

Lalwa Ou nan kè m.”

9Mwen te Sòm 22:22pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a;

Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen;

O SENYÈ, Ou konnen.

10Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m.

Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou.

Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk

verite Ou devan gran asanble a.

11Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

Sòm 43:3 Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

prezève mwen tout tan.

12Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.

Sòm 38:4 Inikite mwen yo te fin pran m nèt

jiskaske mwen pa t kab wè.

Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

Kè m fin fè fayit.

13 Sòm 22:19 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.

Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

14Kite sila yo vin wont e imilye ansanm,

sila ki Sòm 63:9chache lavi mwen pou detwi li.

Kite sila yo vire fè bak e dezonore,

sila ki pran plezi nan fè m mal yo.

15Kite sila yo etone nèt akoz wont yo,

sila ki Sòm 35:21di mwen: “Wayan, wayan!”

16Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e

fè kè kontan nan Ou.

Kite tout sila ki renmen sali Ou yo

Sòm 35:27 pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab

leve wo!”

17Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen,

Sòm 40:5 kite SENYÈ a toujou sonje mwen.

Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen.

Pa fè reta, O Bondye mwen an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help