Sòm Yo 37 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin Sòm 73:3pote lanvi pou malfektè yo.

2Paske yo va Job 14:2fennen vit tankou zèb chan,

e disparèt tankou zèb ki vèt.

3Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

Éz 34:13-14 Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

4Pran plezi ou nan SENYÈ a.

Konsa, Li va Sòm 145:19bay ou tout dezi a kè ou.

5 Pwov 16:3 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

6Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

Ak jijman ou klere Job 11:17 kon midi.

7Pran repo nan SENYÈ a, e Sòm 40:1tann Li ak pasyans;

Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

8Sispann fache pou l pa mennen ou nan fè mal.

Pa kite kè ou twouble; l ap mennen ou nan mechanste

9Konsa, Sòm 37:2-22malfektè yo va koupe retire nèt,

men sila k ap tann SENYÈ yo,

va vin genyen peyi a kon eritaj yo.

10Men yon Job 24:24ti tan ankò, mechan an va disparèt.

Ou va chache avèk atansyon plas li,

men li p ap egziste.

11Konsa, Mat 5:5enb yo va fè eritaj peyi a.

Yo va pran plezi yo nan reyisi anpil.

12Mechan an Sòm 31:13-20fè konplo kont sila ki dwat yo.

Li manje dan l sou li.

13SENYÈ a ri sou li, paske Li wè ke I Sam 26:10 jou li a ap rive.

14Mechan yo rale nepe e Lam 2:4koube banza yo,

pou jete aflije yo avèk malere a,

pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.

15Nepe yo va antre nan pwòp kè yo.

I Sam 2:4 Banza yo ap kase.

16 Pwov 15:16 Pi bon se ti kras a moun dwat yo,

pase abondans anpil a mechan yo.

17Paske bra a mechan yo va kase,

men SENYÈ a va ranfòse moun dwat yo.

18SENYÈ a Sòm 1:6konnen jou a sila ki dwat yo.

Eritaj yo va dire jis pou tout tan.

19Yo p ap wont nan move tan.

Nan Job 5:20jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.

20Men mechan yo va peri.

Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo.

Yo va vin disparèt.

Tankou Sòm 68:2 lafimen,

yo ale nèt.

21Mechan an prete, men li pa remèt,

men moun dwat la Sòm 112:5-9ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.

22Paske sila ke Bondye beni yo, va Pwov 3:33eritye peyi a,

men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.

23 I Sam 2:9 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

24Lè Pwov 24:15li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

25Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,

men Eb 13:5mwen poko wè moun dwat ki abandone,

ni desandan li yo k ap mande pen.

26Tout lajounen, Det 15:8 moun dwat la

plen ak gras pou prete moun.

Desandan li yo se yon benediksyon.

27Kite mal e fè sa ki bon,

pou ou kab viv Sòm 102:28 jis pou tout tan.

28Paske SENYÈ a renmen jistis,

e li pa abandone fidèl li yo.

Yo prezève pou tout tan,

men mechan yo va vin koupe retire nèt.

29Moun ladwati yo va Sòm 37:9eritye peyi a,

pou viv ladann pou tout tan.

30Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès,

epi lang li va Sòm 119:13 pale jistis.

31 Det 6:6 Lalwa Bondye nan kè li.

Pa li yo pa janm glise.

32Mechan an ap veye dwat la

pou Sòm 37:14chache touye li.

33SENYÈ a p ap kite l lantre nan men li,

ni Sòm 34:22kite li kondane lè li jije.

34Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an.

Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a.

Lè Sòm 52:5-6mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.

35Mwen konn Job 5:3wè yon nonm mechan e vyolan

Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.

36Konsa, li mouri nèt, e vwala, li Job 20:5pa t la ankò.

Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.

37Byen remake nonm san tò a,

epi gade byen nonm ladwati a,

paske nonm lapè a va gen És 57:1-2posterite.

38Men pechè a va detwi nèt.

Posterite a mechan an va Sòm 37:9koupe retire nèt.

39Men Sòm 3:8delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a.

Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.

40SENYÈ a ede yo e delivre yo.

Li delivre yo soti nan men mechan yo e sove yo.

Li sove yo, akoz se nan Li ke yo I Kwo 5:20 kache.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help