Sòm Yo 38 - Haitian Bible

Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab

1O SENYÈ, Sòm 6:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,

ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.

2Paske Job 6:4flèch Ou yo fin antre fon anndan m,

epi men Ou fin peze m.

3 És 1:6 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,

akoz endiyasyon Ou.

Nanpwen lasante nan zo m yo

akoz peche mwen.

4Paske Esd 9:6inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.

Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.

5Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz Sòm 69:5foli mwen.

6Mwen fin koube nèt e Sòm 35:14bese anpil.

Mwen ap fè doulè tout lajounen.

7Paske ren mwen plen ak Sòm 102:3brile.

Nanpwen anyen ansante nan chè m.

8Mwen Lam 1:13-20pa kab santi anyen ankò.

Mwen fin kraze nèt.

Vwa m plenyen akoz kè m ajite.

9SENYÈ, tout volonte m devan Ou.

Tout Sòm 6:5 plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.

10Kè m bat fò, Sòm 31:10fòs mwen kite m.

Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.

11Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo

kanpe nan distans akoz touman m.

Fanmi m yo Luc 23:49kanpe byen lwen.

12Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.

Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.

Y ap manniganse trayizon tout lajounen.

13Men mwen menm, tankou yon moun mouri,

mwen pa tande;

Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.

14Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.

E nan bouch mwen, pa gen repons.

15Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.

Ou Sòm 17:6va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.

16Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.

Pou lè pye m chape, pou yo Sòm 35:26ta vante tèt yo kont mwen.”

17Paske mwen prèt pou tonbe.

Sòm 13:2 Tristès mwen devan m tout tan.

18Konsa, mwen konfese inikite mwen.

Mwen ranpli avèk II Kor 7:9-10 regrè akoz peche m.

19Men lènmi m yo plen kouraj e fò.

Yo anpil ki Sòm 35:19rayi mwen san koz.

20Sila ki remèt mal pou byen yo

se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.

21Pa abandone m, O SENYÈ.

O Bondye m nan, Sòm 22:19pa rete lwen m!

22Fè vit pou ede mwen,

O SENYÈ, delivrans mwen an!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help