Sòm Yo 36 - Haitian Bible

Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a

1Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye.

Nanpwen Wo 3:18krent Bondye devan zye l.

2Jan li kontan ak pwòp tèt li,

li pa janm wè pwop peche pa l la.

3 Sòm 10:7 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.

Li fè yon chemen ki pa bon.

4Sou kabann li, li fè plan mechan;

Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen;

Li Wo 12:9pa rayi mal.

5 Sòm 57:10 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo,

fidelite Ou nan syèl la.

6Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo,

eWo 11:33jijman Ou yo tankou yon gran pwofondè.

O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

7Lanmou dous Ou chè, O Bondye!

Pitit a lòm yo Rt 2:12pran azil anba lonbraj zèl Ou.

8Yo És 25:6bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou.

Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.

9Paske avèk Ou, se Jr 2:13fontèn dlo lavi a.

Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.

10O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,

ak Sòm 24:5ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.

11Pa kite pye ògèy vini sou mwen,

ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.

12Se la Sòm 140:10sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe.

Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help