1
5Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: I Jn 1:9“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
6Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
Sòm 69:13 nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote Li ankò.
7Ou se kote ke m konn kache a.
Ou Sòm 121:7 pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
8Mwen va Sòm 25:8enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9Pa fè Pwov 26:3tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10Anpil se Wo 2:9tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout Sòm 7:10ki dwat nan kè nou yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.