Sòm Yo 31 - Haitian Bible

Yon Sòm David

1Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.

Pa janm kite mwen Sòm 25:2vin wont.

Nan ladwati Ou, delivre mwen.

2Panche zòrèy W bò kote mwen.

Delivre mwen byen vit.

Devni pou mwen Sòm 18:2wòch ki ban m fòs,

yon sitadèl ki pou sove m.

3Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,

konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.

4Ou va rale m sòti nan filè ke yo te

prepare an sekrè pou mwen an,

paske se Ou ki fòs mwen.

5 Luc 23:46 Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.

Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.

6Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,

men nan Bondye, mwen Sòm 52:8mete konfyans mwen.

7Mwen va rejwi e fè kè kontan nan

lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.

Ou te Sòm 10:14wè soufrans a nanm mwen.

8 Det 32:30 Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.

Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.

9Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

Zye m ak kò m ak nanm mwen;

tout fin gate nèt akoz doulè m.

10Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,

ane mwen yo avèk soupi.

Sòm 39:11 Fòs mwen fin ale akoz inikite m.

Kò mwen fin epwize.

11Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te

devni yon objè Sòm 69:19abominab,

sitou a vwazen mwen yo, e yon

objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.

Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.

12Mwen fin Sòm 88:5bliye tankou yon moun mouri,

disparèt nan panse moun.

Mwen tankou yon veso ki fin kraze.

13Paske mwen konn tande kout lang

anpil moun, laperèz toupatou.

Mat 27:1 Yo pran konsèy ansanm kont mwen.

Yo te fè konplo pou rache lavi m.

14Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.

Mwen di: Sòm 140:6“Se Ou menm ki Bondye mwen”.

15Moman mwen yo nan men Ou.

Sòm 143:9 Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,

avèk sila ki pèsekite mwen yo.

16Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a.

Sòm 6:4 Sove mwen nan lanmou dous Ou a.

17Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,

paske se Ou ke m rele.

18Kite lèv ki manti yo sispann,

sila yo ka p Jd 15 pale ak awogans kont moun dwat yo,

k ap fè ògèy pou desann moun.

19Men a la gran, És 64:4bonte ke Ou

te konsève pou sila ki krent Ou yo,

ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

20Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout Sòm 37:12 manèv a lòm.

Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj

kont konplo a tout lang lèzòm.

21Beni se SENYÈ a,

paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a

anvè mwen nan yon I Sam 23:7 vil byen fò.

22Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:

“Mwen És 38:11-12koupe retire nèt devan zye Ou”.

Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo

lè m te kriye a Ou menm.

23O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!

SENYÈ a toujou Sòm 145:20prezève moun fidèl yo,

e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.

24Kenbe fèm e Sòm 27:14kite kè ou pran kouraj,

nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help