Sòm Yo 30 - Haitian Bible

Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

1Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou Sòm 3:3te leve mwen.

Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

2O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

e Ou te És 53:5geri mwen.

3O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

4Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

Bay remèsiman a Os 12:5 sen non Li.

5Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

men Bonte Li se pou tout tan.

Kriye a kapab dire II Kwo 4:17 pou nwit lan,

men kri lajwa a vin parèt nan maten.

6Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen,

“Mwen Sòm 10:6p ap janm ebranle.”

7O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm.

Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.

8A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele.

A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:

9“Ki benefis ki genyen nan san mwen

si mwen Sòm 28:1desann nan gwo fòs la?

Èske pousyè a kab louwe Ou?

Èske li va deklare fidelite Ou?

10Tande, O SENYÈ e fè m gras.

O SENYÈ, Sòm 27:9ban m soutyen.”

11Ou te chanje doulè mwen, e

sa te fè m vin danse ak lajwa;

Ou te És 20:2demare rad twal sak mwen an,

e te mare senti m avèk kè kontan.

12Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.

O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va

bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help