Sòm Yo 29 - Haitian Bible

Yon sòm David

1 I Kwo 16:28-29 Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,

bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

2Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.

Adore SENYÈ a II Kwo 20:21avèk tout sa ki sen.

3Vwa SENYÈ a sou dlo yo.

Bondye glwa la Job 37:4,5 fè tonnè gwonde, eklate.

SENYÈ a sou anpil dlo.

4Vwa SENYÈ a gen Sòm 68:33gwo fòs.

Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.

5Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.

Wi, SENYÈ a fann an mòso Sòm 104:16 bwa sèd Liban yo.

6Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, e

Det 3:9 Sirion tankou yon jèn bèf mawon.

7Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.

8Vwa SENYÈ a souke savann nan.

Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.

9Vwa SENYÈ a fè Job 39:1bich la fè pitit.

Li fè forè a vin toutouni.

Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!

10SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.

Wi, SENYÈ a chita kon Sòm 10:16 Wa jis pou tout tan.

11SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.

SENYÈ a va beni pèp li a avèk Sòm 72:3 lapè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help